AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI SeleksyonNasyonal

SeleksyonNasyonal

Sonson Jean-Baptiste fè lonè Ayiti nan onz tip eliminatwa CONCACAF lan

imaj atik la

19 Fevriye 2026   Jacky Chéry   1391

Seleksyon nasyonal ayisyèn lan pa sèlman sòti Gwatemala avèk kalifikasyon pou Mondyal U-17 2026 lan. Sonson Jean-Baptiste prezan nan onz ideyal konpetisyon an.


Jèn Grenadye a ki te bitè pou Ayiti fas Gwatemala nan dènye match lan, prezan bò kote 10 lòt jwè CONCACAF estime ki te plis briye pandan konpetisyon an. Sonson Jean-Baptiste se sèl Grenadye nan onz sa ki pibliye ayè mèkredi an.

Pandan eliminatwa CONCACAF pou Mondyal U-17 2026 lan, Sonson Jean-Baptiste te make yon gòl enpòtan pou te pèmèt Ayiti ouvè eskò an fas Gwatemala. Nan match foutbòl sa, Grenadye yo te oblije genyen pou yo te kapab kalifye.

Jwè Aigle Noir lan te konsistan pandan tout konpetisyon an kote l te enpoze l kòm yon pyès metrès nan plan Kowsky Saint-Vil te mete an plas pou Grenadye yo. Sonson Jean-Baptiste te titilè pandan tout twa match eliminatwa yo.

N ap raple, seleksyon nasyonal ayisyèn U-17 gason an pral jwe yon dezyèm Koup Dimond kategori sa youn aprè lòt. Se pral katriyèm patisipasyon ekip nasyonal Ayiti U-17 lan nan konpetisyon sila.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou