UEFAChampionsLeagueEuroEuropaLeagueLòt
AKÈY UEFA ChampionsLeague

ChampionsLeague

Bodo/Glimt imilye Inter Milan ki oblije pran wout sòti nan C1 an

imaj atik la Kredi Foto: @Bodo/Glimt

25 fevriye 2026   Neuvième Junior   1405

Aprè Inter Milan te fin pran nan kou sipriz fas Bodo/Glimt mèkredi pase (3-1) nan baraj ale C1 an, madi a klèb italyen an t ap resevwa ekip Nòvej la pou tante enpoze lwa pa yo fas Bodo ki te gentan gen avantaj eskò a. E pou rache pawòl kondisyon tèren sa, klèb nòvejyen an imilye Inter Milan nan lakou lakay li.


Aprè Inter Milan te fin pran nan kou sipriz fas Bodo/Glimt mèkredi pase (3-1) nan baraj ale C1 an, madi a klèb italyen an t ap resevwa ekip Nòvej la pou tante enpoze lwa pa yo fas Bodo ki te gentan gen avantaj eskò a. E pou rache pawòl kondisyon tèren sa, klèb nòvejyen an imilye Inter Milan nan lakou lakay li.

Pou match ale a, plizyè jwè te plenyen pou fason tèren advèsè a te ye. Nan moman match la te gen pou jwe a, tèren klèb Nòvèj la t ap resevwa Inter Milan, te ranpli ak nèj. Akoz sa, estaf la te oblije itilize materyèl pou retire nèj la e prepare pelouz la. Poutan, aparèy la te kite yon seri tou ki te fè jwè italyen yo mal pou jwe daprè plent yo te voye ale jwenn FIFA. Toujou selon deklarasyon jwè yo, sitiyasyon sa te vin lakoz Lautaro Martinez kite match la avan lè jis paske l te blese nan moman li t ap tante yon aksyon. Blesi entènasyonal Ajanten an te pran, pèmèt defansè klèb Bodo/Glimt yo te gen plis libète pou bay yon meyè pèfomans.

Daprè jwè enteris yo, se kondisyon tèren klèb nòvej la ki te lakoz yo fè defèt sa. Nan match retou baraj Ligue des champions ewopeyen an, Inter Milan resevwa klèb vil lapèch la nan fyèf yo estad Giuseppe-Meazza, e gras ak yon kolektif tèt chaje, ekip sa ki te pase men sou Atlético ak Manchester City pou kapab ale nan baraj, ekri pi bèl paj istwa l nan foutbòl la.

Sa gen 4 mwa, Bodo Glimt patko janm jwe yon match ligue des champions nan tout listwa l. Apèn kèk semèn nòvejyen yo t ap trennen anba klasman an anvan yo kale ATM 2-1 e bat City 3-1 pou yo te ouvri pòt baraj la.

Aprè eksplwa sa, maten an tout laprès espòtif ap pale sou sa. Inter Milan tonbe, li imilye ou ankò li jwenn eliminasyon. E avan rankont lan, li te difisil pou yon moun prevwa yon bagay konsa. Men nan retou a, Bodo Glimt ki bat Inter pwouve se pa t kondisyon tèren an ki te ba yo viktwa nan ale a.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou