ITALISerieASerieBCoppaItaliaLòt
AKÈY ITALI SerieA

SerieA

Inter Milan pran plis eka nan tèt serie A a pandan Naples plonje 4èm

imaj atik la

24 Fevriye 2026   Junior Neuvième   381

Nan kous pou tit chanpyon serie A a, plizyè ekip te angaje yo pou wè kòman yo kapab fini lidè e ranpòte twofe sa. Men pou sa fèt, chak grenn ekip ki vle pran l dwe afwonte tout lòt klèb yo pandan y ap goumen pou fè meyè rezilta. Inter Milan ki se youn nan ekip ki byen jere sezon li, deja gen yon avantaj 10 pwen ki kapab pèmèt li fini kòm chanpyon sezon an.


Aprè 26 jounen boul, sispens ki te genyen nan chanpyona italyen an, pran yon lòt touni ki petèt ka jwe an favè Inter Milan ki te genyen klèb Lecce a 2-0. Avèk viktwa sa, enteris yo rive konte 10 pwen anplis Milan AC aprè 26 jounen boul.

Avèk 24 dènye rankont yo nan chanpyona a san konnen gou defèt, Milan AC pèdi nan fyèf li (0-1) fas Parme ki te an deplasman pou jwe 26èm jounen an. Rossoneri yo ki pèdi match enpòtan sa, ankese grenn gòl la nan men Troilo fen match (80èm).

Dènye fwa Luka Modrić te konnen yon defèt ak koyekipye li yo nan chanpyona a, se te nan premye jounen an fas Cremonese ki te bat yo 2-1 nan mwa dawout 2025 lan.

Gras ak fo pa sa, klèb Inter Milan 64 pwen vin pase ak 10 pwen anplis Milan AC ki dezyèm nan klasman an ak 54 pwen.

Naples li menm rate okazyon pou l ta rapwoche pi pre dezyèm plas la paske li pèdi nan lakou Bergame fas Atalanta 2-1. AS Roma ki bat Cremonese 3-0, retire 3èm plas la nan men napoliten yo malgre tou 2 gen 50 pwen. Men akoz yon meyè diferans gòl, Naples pase katriyèm.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou