AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI SeleksyonNasyonal

SeleksyonNasyonal

Pia Sundhage sòti premye lis li nan tèt gran seleksyon fanm Ayisyèn lan

imaj atik la Kredi Foto: @Pran sou nèt la.

22 fevriye 2026   Benswilkenson Jean   970

Antrenè syedwaz la Pia Sundhage fè apèl ak 22 fanm grenadye pou premye match li nan tèt gran seleksyon fanm Ayiti a nan kad kalifikasyon pou Mondyal 2027 la.


Ayè samdi 21 fevriye 2026 la, nouvo seleksyonè gran seleksyon foutbòl fanm Ayiti a Pia Sundhage mete deyò premye lis li nan tèt ekip la. Yon lis ki genyen 23 jwez pral gen pou antre nan batay ak nouvo seleksyonè a kont Sirinam.

Medam grenadye yo gen randevou 3 mas ki ap vini la kont Sirinam nan kad match eliminatwa pou Mondyal 2027 la ki ap fèt nan peyi Brezil. Pandan antrenè a trennen dèyè l yon pakèt abitye nan seleksyob nasyonal la men li tou pwofite rale kèk grenn jwè ki sòti nan seleksyon U20 an. Yon seri jwez tankou Nadia Cassamajor ak Amelie Chloé Joseph se 2 nouvo tèt ki pral pote mayo gran seleksyon an.

Lis la konplè:
GADYEN: Kaïnar César Pietrus, Mahe Lee Caron.
DEFANSÈ: Claire Constant, Jennyfer Limage, Tabita Joseph, Amandine Pierre-Louis, Betina Petit-Frère, Amelie Chloé L. Joseph.
MITAN TÈREN: Melchie Daëlle Durmonay, Josephine Vanuxeem, Anyssa Ibrahim, Maudeline Moryl, Dayana Pierre-Louis, Déborah Bien-aimé.
ATAKAN: Nerillia Mondésir, Batcheba Louis, Florsie Love D. Joseph, Chelsea Domond, Nadia E. Cassamajor, Roseline Eloissaint, Sherly Jeudy, Lourdjina Étienne.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou