Kredi Foto: @Paj Facebook LIPOFU
Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Listwa ap ekri anba je nou nan Ligue Port-au-Princienne de Futsal la (LIPOFU). Pandan sezon regilye 2025-2026 la fini, se yon sèl non ki nan bouch tout moun: ADJ FC. Ekip sa a pa sèlman fini nan premye plas klasman an, li tou kalifye dirèk pou dènye kare a.
Depi lane 2023, ADJ FC tounen yon machin pou genyen. Avèk tit chanpyon sezon regilye yo fenk pran pou sezon sa, sa fè 4 fwa youn dèyè lòt (2023, 2024, 2025, 2026) ekip sa a ap domine konpetisyon an.
Depi lansman Operasyon Futsal la nan lane 2020, nou te gen sèlman de (2) gwo mèt ki fini premye nan faz sezon regilye an anvan Pleyòf. Shelcy FC: Ki te genyen de premye sezon yo (2020-21 ak 2021-22). Epi, ADJ FC ki pran kontwòl rès la ak 4 tit sou 6 depi kreyasyon lig la.
Dapre dènye klasman an, ADJ FC fini an tèt ak 19 pwen aprèsa Flambeau AC ki gen 17 pwen ki malerezman te gen desten li nan men li pou fini chanpyon sezon regilye a avèk yon viktwa men malerezman ekip la pa t fè mye ke yon match nil 2-2 fas Shelcy FC nan dènye match yo. De (2) ekip sa yo deja kalifye dirèkteman pou demifinal yo.
Dèyè yo, batay la te cho ant Izi Team, Bwakayiman, Shelcy FC, ak Santos. Kat (4) ekip sa yo pral pase etap kadefinal yo pou chache yon plas nan dènye kare a. Malerezman, FC 24, FC Bèl Efò, ak AFC Delmas pran eliminasyon pou sezon sa a.
Fòk nou di w sezon an poko fini. Men sa ki ap tann nou nan faz eliminatwa yo. Pleyòf yo ap demare ofisyèlman jou ki ap 7 mas 2026 la. Ap gen de (2) match kadefinal. Premye a se BWA KAYIMAN kont SANTOS epi IZI TEAM kont SHELCY FC. De (2) ekip ki bat yo ap kalifye pou demifinal yo.
Fanatik Futsal yo rete sou de pye militè yo pou yo wè kiyès ki pral jwenn ADJ FC ak Flambeau Academy nan demifinal yo.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou