Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Nan mitan semèn pase an, Juventus te gen pou asire yon bon match ale nan lide pou li te kapab pwoteje yon plas enpòtan nan Ligue Des Champions an. Malerezman, fas Galatasaray klèb italyen te koule yon fason ki ka anpeche yo retire tèt yo anba dlo sa. Defèt fas Côme lan, pase kom katriyèm sou 5 dènye rankont klèb lan jwe nan tout kalite konpetisyon yo.

Pandan match 26èm jounen serie A a, klèb tirinwa a konfime move moman l ap konnen an avèk defèt sa yo fè nan Juventus Stadium lan kont Côme (0-2). Byen rapid nan 11èm minit, Vojvoda siprann Bianconeri yo ki pa t kapab reyaji jis yo te rive ankese yon lòt gòl nan men ansyen jwè Lyon an nan 61 èm.
San solisyon nan rankont sila, klèb tirinwa a te parèt mekonesab nan yon rankont ki te ka pèmèt yo reprann konfyans anvan match retou C1 an. Men defèt sa ki vini nan moman sa, montre kòman Luciano Spalletti ak pwoteje li yo ap konnen yon move moman.
Aprè echèk sa fas solda Cesc Fàbregas yo, manadjè vyèy dam nan rete sou 4 defèt ak yon nil nan tout konpetisyon yo. Swit ak rankont sa, klasman seri A prezante ak Juventus ki gen 46 pwen e ki okipe 5èm plas la epi Côme 6èm ap rapwoche pi pre l ak diferans a 45 pwen.
Semèn sa, Juventus ap gen pou resevwa klèb Tiki a pou eseye kapote sitiyasyon an aprè yo te pran yon pla men (5-2) an deplasman. Men akoz fòm ekip la nan moman an, chans pou kalifye nan baraj la vin plis redwi pou Bianconeri yo ki pa t ka anpeche rakle sa nan ale a.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou