Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Ansyen entènasyonal ayisyen U-20 an, Nelson Pierre, siyen nan klèb ameriken FC Tulsa k ap evolye nan USL Championship lan. Transfè sa fèt nan kad yon prè avèk Vancouver Whitecaps FC k ap evolye nan Major League Soccer an.
Aprè yon sezon ki pa twò byen pase nan MLS lan, Nelson Pierre retounen nan USL lan ki se yon chanpyona li konnen byen. Grenadye an te fini meyè bitè chanpyona sa avan l te rejwenn Vancouver Whitecaps FC nan elit foutbòl ameriken an.
Daprè Caleb Sewell ki se direktè espòtif FC Tulsa a, nouvo jwè yo an se yon atakan ki gen anpil fòs e ki gen yon bon kalite pou l deplase. Se yon jwè tou ki gen yon bon sans gòl. « Nou kontan genyen l nan Tulsa e nou enpasyan pou n fè l pwogrese pandan tout sezon an nan lide pou l kapab ede nou atenn objektif nou yo », yon pati nan deklarasyon Sewell lan.
Nelson Pierre se jwè Vancouver Whitecaps FC depi sezon 2025 lan, men te jwe yon pati nan sezon an avèk Philadelphia Union. Pandan peryòd sa, li te egalman evolye avèk ekip klèb sa yo nan MLS Next Pro an.
N ap raple, Nelson Pierre fèt nan peyi Etazini, men paran li se Ayisyen. Gras ak orijin ayisyèn li an, li te gen opòtinite jwe pou seleksyon ayisyèn U-20 an nan lane 2024. Chanpyona USL lan ap gen pou kòmanse 7 mas k ap vini la.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou