AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Yon nouvo chapit nan karyè pwofesyonèl Frantz Pierrot

imaj atik la

24 Fevriye 2026   Jacky Chéry   1382

Atakan entènasyonal ayisyen an retounen nan peyi Ilann Dinò kote l pral gen pou jwe rès sezon an nan klèb premye divizyon Galway United. Grenadye an t ap evolye anvan sa nan dezyèm divizyon an Izrayèl.


Sou rezo sosyal yo, jwè an ak tout klèb lan ofisyalize transfè sa lendi 23 fevriye 2026 lan. Frantz Pierrot se yon atakan pwent ki se ti frè Frantzy Pierrot k ap evolye depi kòmansman lane an nan Rizespor.

Anvan transfè sa, atakan 26 lane an te gen difikilte pou enpoze l nan chanpyona dezyèm divizyon izrayelyen an avèk Bnei Yehuda kote l te sèlman make 2 gòl nan 10 match li te gen chans jwe pandan 6 mwa li pase nan Liga Leumit lan.

N ap raple, Frantz Pierrot deja pote koulè ekip nasyonal la kote l te jwe nan premye match Grenadye yo sou direksyon Sébastien Migné. Ayiti te fè match nil nan rankont sa 1-1 fas Giyàn Fransè.

Frantz Pierrot pral evolye nan yon chanpyona li konnen trè byen, kote l te jwe nan Athlone Town ak Drogheda United sòti 2023 pou rive 2025. Atakan ayisyen an te evolye pandan yon moman nan USL lan nan peyi Etazini.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou