AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Jean-Kévin Duverne ap konnen yon move moman nan KAA Gent

imaj atik la

22 fevriye 2026   Neuvième Junior   1476

Nan rankont 26èm jounen Pro League la, klèb entènasyonal ayisyen an KAA Gent te gen pou jwe kont Cercle Bruges lakay li. Kont Bruges, klèb Gent lan koule an absans Jean-Kévin Duverne ki te genyen plizyè match ap soufri sou ban anvan li pa fè pati lis jwè ki konvoke pou 26èm jounen an.

Anvan rankont ki wè ak defèt ekip Gent lan (1-0) fas advèsè 26èm jounen an, te gen yon okazyon kote klèb entènasyonal ayisyen an te gen posiblite pou li entegre tòp 4 la tout fwa yo te fè viktwa. Poutan, malgre pwoteje Rik De Mil yo te konnen sa, li te difisil pou yo anpeche 14èm lan genyen match la.

Jean Kévin Duverne li menm, aprè l fin pase 4 rankont konsekitif sou ban, Rik De Mil pa konvoke l nan lis pou match sa. Tou pwòch pou Mondyal 2026 lan, grenadye a ki te jwe yon wòl enpòtan nan kalifikasyon seleksyon nasyonal la pou gwo konpetisyon sa, retwouve l nan yon sitiyasyon ki kapab anpeche li jwenn apèl seleksyonè a.

Pou anpeche sa, Jean-Kévin Duverne dwe fè tout posib pou tounen konvenk antrenè klèb la e tounen sou tèren.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou