AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI PremyeDivizyon

PremyeDivizyon

Seri Kloti 2025-2026 deja nan wout : foutbòl ayisyen an pare pou yon nouvo chapit

imaj atik la

21 fevriye 2026   Steve Pierre   416

Aprè anpil emosyon, tansyon ak gwo espektak nan seri ouvèti a, foutbòl ayisyen an deja vire paj la pou antre nan seri kloti sezon 2025-2026 la, yon lòt faz kle nan chanpyona nasyonal D1 an ki òganize anba lobedyans Ligue Haïtienne de Football.


Daprè kalandriye ofisyèl la ki deja pibliye, seri kloti a ap demare nan kòmansman mwa mas 2026 sa vle di wikenn k ap vini la. Ak plizyè afich enteresan keseswa nan Gwoup A (Gran Nò) oubyen nan Gwoup B a (Gran Sid). Klèb yo deja sou blòk depa, antrenè yo ap fè dènye ajisteman yo, pandan jwè yo pare pou yon nouvo batay kote chak pwen pral konte.

Nan Gwoup A (Gran Nò), ekip tankou Baltimore SC, FICA, Racing FC, Tempête FC, Real Hope, Ouanaminthe FC, AS Capoise ak Cosmopolites SC pral kwaze nan yon seri match ki pwomèt anpil entansite. Konpetisyon an anonse sere, ak klèb ki vle asire plas yo nan faz final la depi bonè, pou sa k te rive yon seri ekip tankou FICA oubyen Real Hope la pa rive ankò.

Bò kote pa li, Gwoup B (Gran Sid) la pa pi piti an tèm de rivalite, epitou se la chanpyon seri ouvèti a sòti. Violette AC, Cavaly AS, Don Bosco FC, Racing CH, America FC ak FC Juventus ap antre nan seri kloti a ak anbisyon klè : domine gwoup la epi valide tikè yo pou pleyòf yo.

Selon pwogramasyon an, pleyòf yo fikse ant 5 avril ak 10 me 2026, pandan twofe Chanpyon tout Chanpyon yo ap jwe 17 me 2026, yon randevou ki toujou pote anpil prestij nan foutbòl nasyonal la.

Avèk kalandriye a deja piblik, tansyon an ap monte, enterè fanatik yo ap grandi, epi klèb yo konnen pa gen plas pou erè. Acha ap fèt, ekip ap reprann teren, klèb ap chanje antrenè nou ka pale de Racing FC des Gonaïves ak Tempête FC ki gen nouvo moun sou ban yo a.

Foutbòl ayisyen an deja pare. Seri kloti a pare. Se sou teren an, ankò, verite a pral pale. GolAyiti deja pare pou rapòte tout sak te pase.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou