AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI PremyeDivizyon

PremyeDivizyon

Cavaly A.S fè soti yon nòt pou fè konnen y ap reprann tèren

imaj atik la Kredi Foto: @Cavaly A.S

22 fevriye 2026   Neuvième Junior   1603

Avèk plizyè depa nan efektif li, Cavaly A.S soti yon kominike pou fè gran piblik la, laprès e tout vrè fanatik li yo konnen, lendi 23 fevriye k ap vini la. Ekip la ap reprann tèren pou preparasyon seri ouvèti a.


Avèk plizyè depa nan efektif li, Cavaly A.S soti yon kominike pou fè gran piblik la, laprès e tout vrè fanatik li yo konnen, lendi 23 fevriye k ap vini la. Ekip la ap reprann tèren pou preparasyon seri ouvèti a.

Aprè klèb Leyogàn lan te fin fè yon bèl pakou nan faz gwoup zòn Sid la, klèb Leyogàn lan ki te kalifye pou pleyòf la, te fini nan do Violette AC ki fè final seri ouvèti a. Pou pati sa ki ap gen pou kòmanse nan premye wikenn mwa mas la, direksyon klèb cheval wouj lan bay randevou ak tout jwè yo pou lendi 23.

Apèl sa vini nan faz pou prepare seri kloti D1 ayisyen an. E pou premye sòti talan leyoganè yo, y ap resevwa klèb America des Cayes la ki ap gen pou afwonte yo ak san cho dimanch 1e mas la.

Nan kominike sa, dirijan yo voye mesaj pou fè tout jwè yo konnen jan yo kote sou prezans yo. Konsa tou, yo pwofite voye yon mesaj pou mobilize tout konsène yo.

Toujou konsènan Cavaly Association Sportive, gen plizyè jwè ki p ap la pou ede yo defann faz kloti a. Jwè sa yo se, Charlo Saint-Fort kapitèn ekip la, oblije kite peyi a pou ale rejwenn fanmi li nan peyi etranje. Aprè, se Kervenson Louissaint ki fè wout Trinidad pou entegre ekip Caledonia AIA a. Pou fini, Cavaly pèdi yon lòt eleman kle ki se Antonio Fleurisme ki chwazi tounen nan ansyen ekip li Tempête FC.

Ak absans Dorimin plis lòt jwè sa yo, li rete pou nou swiv kòman cheval wouj yo pral defann faz seri kloti an ki pral demare.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou