Kredi Foto: @Paj Facebook Violette AC
Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Depi kout siflèt final la te sonnen samdi 14 fevriye 2026 nan pak Sainte-Thérèse la, yon ide ap sikile toupatou: Violette AC deja kalifye pou Ligue Des Champions CONCACAF la. Viktwa (2-1) kont Baltimore SC, aprè yon match ale (0-0), te pèmèt Vye Tig yo vin chanpyon seri ale chanpyona nasyonal la. Pou anpil sipòtè, dosye a sanble deja klase.
Dapre règ ofisyèl Ligue Haïtienne de Football la, chanpyona a pa limite ak yon sèl faz. Li jwe an de (2) etap: seri ale ak seri retou. Chanpyon seri ale a, menm jan ak chanpyon seri retou a, pa kalifye dirèkteman pou Ligue Des Champions CONCACAF la.
Okontrè, de (2) chanpyon sa yo oblije fè fas youn ak lòt nan yon gran final yo rele “chanpyon tout chanpyon yo”.
Se sèlman gayan final sa a ki ap jwenn tikè li pou Caribbean Cup la, pandan finalis la ap oblije pase pa Caribbean Shield. Epi se atravè youn nan de (2) konpetisyon sa yo ekip yo ka rive jwenn CONCACAF Champions Cup la.
Sa vle di, malgre siksè li nan seri ale a, Violette AC poko kalifye ofisyèlman pou Ligue Des Champions CONCACAF la. Chimen an long toujou, epi li mande yon dènye batay desizif.
Konklizyon an klè: Violette sou bon wout la, men règ yo egzije plis pase yon tit seri ale. Jiskaske gran final la jwe epi genyen, rèv LDC a rete… yon rèv ki toujou posib, men ki poko garanti.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou