AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI PremyeDivizyon

PremyeDivizyon

America des Cayes deja anonse lansman seri kloti D1 an

imaj atik la Kredi Foto: @America des Cayes

22 fevriye 2026   Neuvième Junior   1269

Aprè Ligue Haïtienne Football la fin reyisi faz ouvèti chanpyona nasyonal la ak Violette AC kòm chanpyon an tit e Baltimore SC finalis malere, moman an rive pou seri kloti a kòmanse. Pou sa, plizyè klèb deja an penpan anvan lansman D1 an ki planifye pou lanse premye mas k ap vini la.


Aprè Ligue Haïtienne Football la fin reyisi faz ouvèti chanpyona nasyonal la ak Violette AC kòm chanpyon an tit e Baltimore SC finalis malere, moman an rive pou seri kloti a kòmanse. Pou sa, plizyè klèb deja an penpan anvan lansman D1 an ki planifye pou lanse premye mas k ap vini la.

Nan seri ouvèti a, klèb kapital lan Violette AC, te deside mete men sou tit chanpyon an, pou yo te rive fè l, Tig yo te oblije sove anba grif lòt klèb nan gran Sid yo. E avèk yon meyè pèfomans ki te pèmèt yo fini lidè gwoup sa nan faz gwoup ak pleyòf, ble e blan yo te fè sak esansyèl la. Konsa, li rive asire yon plas pami ekip ki ta dwe reprezante Ayiti nan karayib la aprè konpetisyon an. Fas Baltimore SC, Tig yo te enpoze yo (2-1) nan match retou a aprè yo te fini 0-0 nan ale a.

Pou lòt etap la, plizyè klèb gentan mobilize avèk yon sèl objektif, pa rate okazyon pou rive nan dènye kare a. Pami klèb sa yo, America des Cayes ki te patisipe nan yon konpetisyon nan lakou jeremi, chita ap tann ak san l tou cho pou fè fanatik yo kontan.

Premye jou nan mwa mas 2026 lan, klèb kayen an ap fè deplasman lakay Cavaly pou eseye fè diferans lan nan faz sa. Si nan seri ouvèti a, bagay yo pa t twò bon kote Kolòs yo, fwa sa yo klèb America a k ap tann kèk nouvo jwè pou ranfòse efektif la, dwe evite fè menm erè yo te fè an.

Dimanch sa k ap 1e mas la, se sou Parc Gérard Christophe lan, youn nan klèb vil Okay la, pral montre sa yo te aprann nan premye etap la.

Fwa sa, koman sa ap ye pou solo yo? Randevou dimanch 1e mas pou gran piblik la kòmanse gen yon ide.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou