AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Woobens Pacius bay Garissone Innocent gòl pou premye match yo jwe nan sezon an

imaj atik la

19 fevriye 2026   Gamarck Antoine   1433

Pou premye match yo pandan sezon an Woobens Pacius ak Garisson Innocent te fas pou fas madi 17 fevriye a, Nashville Soccer Club te resevwa ekip Atlético Ottawa a nan okazyon premye tou CONCACAF Champions la, Nashville bat 2-0, Woobens Pacius te fè premye gòl la.


Aprè yon premye perdyòd ki fini 0-0 , ekip Nashville la ki t ap sibi dominasyon match la te konte sou entènasyonal ayisyen an Woobens Pacius ki te voye gadyen ayisyen an anba kan Atlético Ottawa al pran boul la nan filè nan 66èm minit, aprè Matthew Corcoran te ba li yon pas. Sam Surridge te fè dezyèm gòl match la nan 90+5 minit.

Nashville te siyen Woobens Pacius nan lane 2024, li te achte l nan men ekip FC Forge la, ayisyen an rive premye jwè ki fè gòl pou ekip li pou sezon an, epi li bay konpatriyòt li Garisson Innocent li gòl.

Match retou a pwograme pou 24 fevriye nan GEONDIS Park, match sa ki pral bay tikè pou dezyèm tou konpetisyon an, ekip ki pase a pral afwonte Inter Miami nan uityèmdefinal.

Nashville ap jwe premye jounen MLS la nan GEODIS Park la, samedi 21 fevriye a y ap resevwa ekip New England Revolution.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou