AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Laurie Ann Moïse deja rantre nan listwa avèk ZFK Ljuboten

imaj atik la

21 Fevriye 2026   Jacky Chéry   1328

Atakan entènasyonal ayisyèn Laurie Ann Moïse kòmanse fè non l nan peyi Masedwàn. Pou premye match ofisyèl li avèk Ljuboten, Grenadye an enskri 4 gòl nan viktwa 10-0 ekip li an fè jodi samdi an fas ZFK Recica.


Aprè yon pasaj tou kout nan peyi Ostrali, Laurie Ann Moïse ki pa t vrèman jwenn tan pou l jwe nan Ninja A-Ligue lan kounya retwouve l nan yon pi bon anviwònman nan chanpyona premye divizyon Masedwàn lan.

Grenadye an ki te deja briye nan match amikal presezon yo, konfime transfè li nan chanpyona Masedwàn lan te vo lapèn. Laurie Ann Moïse te titilè nan pwent atak ZFK Ljuboten lan pou premye jounen an.

N ap note, Atakan entènasyonal ayisyèn lan souvan prezan nan rasanbleman ekip nasyonal fanm lan. Li te jwe pou premye fwa avèk Ayiti an fevriye 2024 nan baraj pou premye edisyon Gold Cup fanm nan.

Jwez 24 lane an k ap jwe pwofesyonèl depi fen ete 2025 lan t ap evolye avan nan klèb mwatyepwofesyonèl FC Laval lan epi nan chanpyona inivèsitè ameriken an (NCAA).

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou