AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Fafa Picault ap kontinye nan MLS la

imaj atik la Kredi Foto: @AtlantaUTD

18 fevriye 2026   Gamarck Antoine   1156

Nan yon kominike ekip Atlanta United la soti ayè 17 fevriye a, yo anonse atakan ayisyen an Fafa Picault, vini lib anndan ekip la , pou yon kontra ki ap bout nan mwa jen 2026 avèk posibilite pou ta renouvle pou 30 jen 2027.


Fafa pral konnen 9èm ane l nan MLS la. Pandan peryòd sa li fè 61 gòl ,li bay 29 pas desizif nan 255 match.

« Mwen rankontre Fafa pou premye fwa sa gen 20 lane se te nan yon estaj. Fafa te pou kominote ayisyèn nan alòske m t ap jwe pou Miami Fusion », se deklarasyon Chris Henderson, ki se direktè espòtif ak foutbòl Atlanta United.

Li te kontinye sou Fafa pou l di« li te timoun epòk sa , men vitès li, kalite l ak pasyon l pou jwèt la te deja fè pale de li. Mwen swiv pakou li de prè, m te gentan wè li t ap entregre Inter Miami. Jodi a, apre li fin ranpòte MLS la lane pase se yon lonè pou mwen pou m akeyi li nan Atlanta United. Li se yon jwè ki pèfòman anpil nan chanpyona a depi lontan e li ap pote anpil eksperyans, pwofesyonalis ak lespri konpetitif li, pou mwen siyati sa boukle epi Mwen paka tann pou l finalize. »

Pou sezon ki sot pase a Fafa Picault te fè 4 gòl nan 28 match ak Inter Miami, anvan sa, Picault te fè yon sezon ki te vrèman remakab an 2024 ak Vancouver Whitecaps, kote li te kontribye ak 10 gòl ak 8 pas desizif nan tout konpetisyon yo, epi li te ede klèb la ranpòte Chanpyona Kanadyen an epi kalifye pou faz eliminatwa MLS la.

Anvan li te rive Vancouver, entènasyonal ayisyen an te jwe pou Philadelphia Union 2017 a 2019, FC Dallas 2020, Houston Dynamo 2021 a 2022 ak Nashville SC nan lane 2023.

Li te make 9 gòl pou Nashville an 2023, ladan yo 3 nan Leagues Cup, sa ki te pèmèt klèb la rive nan final la. Li te rive tou nan nivo 10 gòl nan MLS, li te make 11 gòl an 2021 ak Houston, epi 10 gòl an 2018 ak Philadelphia.

Karyè li nan klèb genyen eksperyans aletranje tou ak Sparta Prague an 2015, epi ak FC St. Pauli nan dezyèm divizyon Almay la sòti 2015 rive 2017. Picault te pase tou yon pati nan karyè jèn li an Itali ak Cagliari Primavera, anvan li te retounen Ozetazini kote li te jwe pou Tampa Bay Rowdies an 2012 ak Fort Lauderdale Strikers an 2014.

Nan sa ki gen pou wè ak seleksyon Picault jwe 16 fwa ak ekip nasyonal Ayiti a, li make yon gòl epi li bay kat pas desizif. Li te patisipe nan Gold Cup CONCACAF 2023, nan Lig Nasyon yo, epi nan kalifikasyon pou Koup Dimond FIFA a.

Anvan li te vin jwe pou Ayiti, li te jwe pou ekip nasyonal gason Etazini an nan lane 2016, kote li te fè de match anvan li te fè yon ti pasaj kout nan seleksyon an.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou