Kredi Foto: @Paj Facebook Birmingham City
Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Nan kad 8èmdefinal FA Cup bò kote medam yo nan peyi Angletè, Birmingham City FC te resevwa ayè ekip Chatham Town FC a sou gazon St. Andrew's Stadium nan. Match la te tounen yon vrè demonstrasyon fòs pou ekip lokal la, ki kraze advèsè yo sou eskò (8-0).
Entènasyonal ayisyèn nan Batcheba Louis te kòmanse match la sou ban ranplasan yo. Men li ta pral rantre nan 63e minit match la, nan plas Hannah Silcock, li pa t pran tan pou li make epi fè santi prezans li.
De minit sèlman aprè antre li, Batcheba louvri kontè li nan match la nan 65èm minit, aprè yon bèl pas Lucy Quinn te ba li. Atakant ayisyèn nan pa t rete la: li retounen frape ankò nan 89èm minit, pou konplete double pèsonèl li nan sa ki te yon veritab festival ofansif pou “The Blues” yo.
Avèk de (2) reyalizasyon sa yo, Batcheba Louis make premye gòl li yo pou lane 2026 la, epi voye yon sinyal klè bay tout moun ki vle doute de li.
Viktwa sa a pèmèt Birmingham City FC kontinye avanti li nan FA Cup Womens, ak anpil konfyans, pandan pèfòmans Batcheba Louis bay anpil espwa ni pou klèb la, ni pou seleksyon ayisyèn nan k ap gen pou jwe nan jou yo.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou