ESPAYLaLigaSegundaCopaDelReyLòt
AKÈY ESPAY LaLiga

LaLiga

Yon klèb nan Liga a gen sèlman 10 jwè ki enskri san okenn gadyen alòske yo ap jwe demen

imaj atik la

15 dawou 2025   Benswilkenson Jean   808

Plizyè klèb nan Liga espanyòl la gen gwo pwoblèm enskripsyon, pa Levante a pi mal.


Klèb Levante a gen pou jwe premye jounen Liga espanyòl la demen 16 dawout la fas ekip Deportivo Alavés la men jiska prezan Levante poko gen 11 jwè ki enskri.

Divès klèb nan chanpyona sa gen pwoblèm enskripsyon se ka FC Barcelone jiskaprezan ki poko fin klè si tout efektif li a ap enskri.

Men kanta pou Levante ka pa li a ankò pi grav. Selon enfòmasyon yo klèb sa gen sèlman 10 jwè ki enskri san yo pa gen okenn gadyen.

Sa ki pi grav la Levante ap jwe demen kont Alavés nan kad premye jounen an.

Men selon Marca yon sous klèb la fè konnen tout bagay ap byen jere anvan match la.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou