UEFAChampionsLeagueEuroEuropaLeagueLòt
AKÈY UEFA ChampionsLeague

ChampionsLeague

Yon batay ant Angletè ak Lespay nan 8èmdefinal Ligue Des Champions yo

imaj atik la Kredi Foto: @Fabrizio Romano

27 fevriye 2026   Steve Pierre   455

Tiraj osò Ligue des Champions UEFA a ki fèt maten 27 fevriye 2026 la mete tout limyè sou 8èmdefinal yo, avèk yon senaryo ki pa ka kite pèsòn endiferan. Faz eliminatwa sa a ap make pa yon gwo konfwontasyon ant Angletè ak Espay, de (2) nasyon ki domine foutbòl klèb Ewopeyen an depi plizyè lane, ni sou plan finansye ni sou plan pèfòmans.


Angletè prezan ak sis (6) klèb nan LDC an : Chelsea, Manchester City, Arsenal, Newcastle United, Liverpool ak Tottenham Hotspur, sa ki konfime fòs Premier League la nan kanpay sezon sa. Espay sou bò pa li, gen twa (3) gwo poto mitan li yo nan konpetisyon an avèk Real Madrid, FC Barcelona epi Atlético Madrid, twa (3) ekip ki gen yon ADN istorik solid nan konpetisyon an.

Reyalite tiraj la fè tout ekip panyòl yo pral kwaze ak klèb anglè yo. Real Madrid ap gen pou l fè fas ak Manchester City nan yon dyèl ki sanble ak yon final anvan lè, kote eksperyans ak palmarès Merengue yo pral teste kont dominasyon ak estabilite City nan dènye sezon yo.

FC Barcelone, li menm, ap mezire fòs li ak Newcastle United, yon ekip ki reprezante renouvèlman Premier League la, men ki deja montre kapasite li pou l jwe san konplèks sou gwo sèn nan. Atlético Madrid pral jwe li menm ak Tottenham Hotspur nan yon afich ki pwomèt anpil entansite, kote disiplin taktik ak agresivite Simeone a ap fè fas ak vitès ak presyon kontinyèl ekip Lond lan.

Match ale yo pwograme pou 10 ak 11 mas k ap vini la, epi match retou yo ap fèt yon semèn aprè nan jou k ap 17 ak 18 mas 2026, nan yon peryòd kote presyon, estrès ak detay yo konn fè tout diferans lan. Nan etap sa, okenn erè pa padone, chak ekip ap oblije jere estrateji, fòm fizik ak eksperyans pou asire yon plas nan kadefinal yo.

8èmdefinal Ligue des Champions yo pa sèlman yon kesyon kalifikasyon, men yon veritab batay prestij ant Angletè ak Espay. Se de (2) lig, de (2) vizyon foutbòl, ak de (2) kilti ki pral gen pou twoke kòn yo, pou ofri fanatik yo yon espèktak wo nivo ki fè Ligue Des Champions an rete pi gwo konpetisyon klèb nan mond lan.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou