AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI SeleksyonNasyonal

SeleksyonNasyonal

Pia Sundhage ateri Sirinam an chango : foutbòl ayisyen an rantre nan yon lòt lè

imaj atik la

27 Fevriye 2026   Jacky Chéry   601

Antrenè eksperimante syedwaz lan depi plizyè semèn pran fonksyon kòm nouvo seleksyonè ekip fanm Ayiti an. Yon chwa estratejik ki rantre nan kad vizyon Federasyon ayisyèn foutbòl genyen pou bati foutbòl ayisyen an sou yon nouvo baz byen solid. Jodi vandredi an, Pia Sundhage rejwenn ekip lan nan peyi Sirinam.


Anviwon kat jou depi rasanbleman kòmanse nan Paramaribo, Pia Sundhage debake kòm dènye eleman ki te rete pou konplete estaf teknik lan ki te deja la depi nan kòmansman. Avèk yon akèy ki respekte dimansyon pèsonalite li ye, dirijan FHF ak ofisyèl nan konsila Ayiti nan peyi Sirinam te al resevwa l depi epòt. Pia Sundhage pral gen pou pataje eksperyans ak konpetans li avèk seleksyon ayisyèn lan ki bezwen franchi yon lòt etap.

Pou rasanbleman sa, seleksyon nasyonal ayisyèn lan ap gen pou jwe 3 mas k ap vini la kont Sirinam nan eliminatwa CONCACAF pou mondyal fanm 2027 la. Yon konpetisyon Ayiti pran trè oserye avèk anvi pou retounen nan Mondyal, aprè premye kalifikasyon yo nan dènye edisyon an ki te fèt an 2023.

Medam Grenadye yo te deja kòmanse travay menm lè Pia potko rive an. Sou direksyon Lillie Persson, ekip ayisyèn lan ki gen 19 jwez deja reyalize plizyè seyans antrènman pou prepare match sa ki gen yon enpòtans kapital pou avni Grenadye yo nan eliminatwa sa.

Pia Sundhage se pa sèlman yon antrenè, se yon pèsonalite ki gen anpil respè nan mond foutbòl lan pou pakou ak reyalizasyon l kòm jwez epi kòm antrenè. Se yon seleksyonè eksperimante ki te gen opòtinite dirije plizyè nan pi gwo nasyon foutbòl fanm nan mond lan. Pia Sundhage te dirije Etazini epi pran meday lò olenmpik 2 fwa youn aprè lòt an 2008 ak 2012.

Annatandan match lan jwe 3 mas k ap vini lan, Pia Sundhage pral gen pou dirije premye seyans antrènman l an prezanysèl avèk Grenadye yo nan Paramaribo. Piblik ayisyen bò kote pa l ap tann avèk enpasyans sa antrenè syedwaz la pral pote pou seleksyon an epi foutbòl ayisyen an nan yon kad pi laj.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou