FIFAMondyalMondyalClubAmikalLòt
AKÈY FIFA Mondyal

Mondyal

Pou premye fwa nan istwa Koup Dimond lan pral gen 8 pè frè ladan l

imaj atik la

08 jen 2026   Benswilkenson Jean   1373

Mondyal 2026 la gen anpil nouvo bagay nou pa t janm konn wè nan istwa Koup Dimond. Sòti depi nan kantite match yo jis tonbe nan kanti pè frè ki pral jwe l.


Mondyal la ap demare 11 jen 2026. Evènman sa a se pral 23èm fwa li pral reyalize nan mond lan. Se pi gwo konpetisyon jwèt foutbòl la. Pou ane sa a pral gen yon kantite 8 pè jwè ki se frè ki pral jwe l.

Nan 8 pè jwè frè sa yo genyen 2 ki sòti Kiraso, 3 fransè, 2 jwè ganeyen, 3 jwè Peyiba, 2 jwè Kapvèt. Yon espanyòl, 2 Nouvèl Zelandè ak yon espanyòl. Men lis non jwè sa yo:
Lucas Hernandez ak Théo Hernandez
Guéla Doué ak Désiré Doué
Quinten Timber ak Jurriën Timber
Inaki Williams ak Nico Wiliams
John Souttar ak Harry Souttar
Derrick Luckassen ak Brian Brobbey
Leandro Bacuna ak Juninho Bacuna Laros Duarte ak Deroy Duarte.

Pami frè sa yo genyen 3 pè ki reprezante 2 peyi diferan. Pral gen 8 paran ki pral chita gade 2 pitit gason yo ki ap jwe Mondyal 2026 la.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )