AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI SeleksyonNasyonal

SeleksyonNasyonal

Yon premye match istorik ant Nouvèl Zelann ak Ayiti

imaj atik la Kredi Foto: @Golayiti

03 jen 2026   Benswilkenson Jean   1476

Seleksyon nasyonal ayisyèn lan afwonte pou premye fwa nan listwa l peyi Nouvèl Zelann nan koze foutbòl. Grenadye yo fè bwa kale sou peyi oseyani an (4-0).


Nan kad premye match preparasyon pou Mondyal 2026 la, Ayiti jwe kont peyi Nouvèl Zelann nan dat 2 jen 2026 la. Nan kad match sa a ki se yon tès sou pèfòmans gwoup la, antrenè fransè a Sébastien Migné te kanpe ekip la an 4-4-2 avèk dezyèm pi bon bitè listwa seleksyon nasyonal la Duckens Nazon ak Wilson Isidor devan atak la.

Kanta pou ekip Nouvel Zelann lan, Darren Bazeley ki se antrenè a te kanpe an 4-2-3-1. Match la te jwe nan Chase Stadium lan nan vil Fort Lauderdale nan peyi blan meriken.

Depi nan premye mitan match la Grenadye yo te pran kontwòl match la ak yon gòl Roobens Providence te make depi nan 12èm minit sou yon pas Wilson Isidor. Mitan an ta pral fini konsa. Nan dezyèm mitan an Migné te reyalize yon veritab woulman. Prèske tout jwè yo te jwe se sèl 2 jwè ki pa t monte nan match la (Josué Duverger ak Keeto Thermoncy).

Match sa ki se yon premye rankont ant 2 peyi sa yo fini nan avantaj Grenadye yo 4-0. Bitè yo se Providence, Lenny Joseph, Duke Lacroix ak Frantzdy Pierrot.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )