Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Jodi a, Manchester United te pre pou l ofri fanatik li yo, epi sitou Frank Ilett, yon moman istorik. Aprè kat (4) viktwa youn dèyè lòt, "Red Devils" yo te deplase lakay West Ham ak yon sèl objektif: ranpòte yon 5èm viktwa afile. Se pa t sèlman pou pwen yo nan klasman an, men se te pou delivrans Frank ki anba yon sèman depi 16 mwa.
Depi nan kòmansman match la, Manchester United te montre yo se mèt teren an. Avèk 65% posesyon balon ak 616 pas, yo te toufe West Ham nèt. Malgre estatistik yo te an favè yo, ekip la te gen anpil difikilte pou l fini aksyon yo devan gòl la.
Pandan tout moun t ap tann United ouvè eskò a, se West Ham ki te siprann yo nan 50èm minit ak yon gòl Tomas Souček make. Depi lè sa a, se te yon kous kont lanmò pou Manchester. Frank Ilett wè espwa kout sizo a ap disparèt.
United te pouse jouk nan bout, finalman, nan tan adisyonèl yo (90'+6), nouvo vedèt la, Benjamin Šeško, te rive jwenn egalizasyon an. Gòl sa a te evite yon defèt, men li pa t ase pou sove seri viktwa a.
Avèk match nil sa a (1-1), seri 4 viktwa afile Manchester United la kase bridsoukou. Rèv pou yo te rale 5èm viktwa a ranvwaye pou yon lòt lè. Sa vle di tou, Frank Ilett oblije respekte pwomès li: cheve li ap kontinye pouse, sizo a poko ka pase nan tèt li jodi a.
Manchester United te pase toupre, men foutbòl gen malis li. Fanatik yo ap oblije pran pasyans ankò pou yo wè ki lè "Red Devils" yo va finalman delivre Frank anba sèman sa a.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou