• Like us
  • Follow us
  • Follow us
Premye DivizyonDezyèm DivizyonSeleksyon NasyonalEkspatriyeLòt Koze
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Yon premye aparisyon pou Dany Jean nan Ligue 1 an

sous: GolAyiti/imaj

6 Out 2022   Jacky Chéry   234

Entènasyonal ayisyen an Dany Jean jwe premye match li nan Ligue 1 an sou koulè ekip RC Strasbourg la nan okazyon jounen ouvèti chanpyona fransè a pou sezon 2022-2023 a.



Konvoke nan lis jwè ki t ap gen pou jwe fas AS Monaco nan kad premye jounen Ligue 1 an pou sezon an, jèn grenadye a jwe jounen samdi 6 Dawout la premye match ofisyèl li ak ekip pwofesyonèl RC Strasbourg la. Dany Jean ta pral rantre nan 82èm minit nan plas Dimitri Liénard.



Yon premye aparisyon ki fini ak yon defèt lakay yo, sou tèren Stade de la Meinau a devan plizyè milye fanatik ki t ap asiste rankont lan. Jèn atakan ayisyen an pa t rive anpeche defèt ekip li RC Strasbourg pandan dizèn minit li pase sou tèren an.



Prezans Dany Jean nan ekip A RC Strasbourg la vini kòm rekonpans ak bèl pèfòmans li te bay sezon pase a ak ekip rezèv la epi bon rezilta li sot bay nan match presezon yo.



Jèn grenadye 19 lane a rantre nan yon lis trè redui jwè ayisyen ki rive jwe nan Ligue 1 an, aprè Jean Jacques Pierre avèk FC Nantes, Jhonny Placide, Romain Genevois, Hervé Bazile, pou nou site sa yo sèlman.

KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.



Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )