• Like us
  • Follow us
  • Follow us
Premye DivizyonDezyèm DivizyonSeleksyon NasyonalEkspatriyeLòt Koze
AKÈY AYITI Premye Divizyon

Premye Divizyon

Yon dèbi revanj pou Juventus des Cayes nan dènye jounen an

Kredi: @ismaelproduction
27 avril 2024   Neuvième Junior   533

Nan kad match k ap konte pou dènye jounen chanpyona espesyal ayisyen an, Juventus des Cayes ki gen tèren Land des Gabions an pou resevwa menm jan ak America ap genyen pou l resevwa lidè gwoup C a demen dimanch lan ak entansyon pou fè viktwa nan dènye sòti yo.



An deplasman nan match ale dezyèm jounen chanpyona, America te enpoze l fas Juventus (1-0). Pou seri retou a, Solo yo ki okipe dènye plas gwoup C a pral tante pran revanj yo sou Kòlòs yo ki kontinye domine klasman an. Rankont sila ap konte pou dènye jounen faz gwoup yo.



Deja kalifye nan gwoup C a pou playoffs menm jan ak Real Hope FA nan gwoup A, America des Cayes pa gen twòp obligasyon pou viktwa paske l pa gen gwo anje sou pwen men, pa rapò ak palmarès yo nan dèbi kayen an, Kolòs yo pa gen pou vann po yo bay ble e blan yo ki swete pran revanj yo nenpòt jan sa ye.

KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.



Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

Mansyon

Yon paradi pou w al viv oswa pase vakans ak fanmiw Ayiti

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou