• Like us
  • Follow us
  • Follow us
Ligue 1Ligue 2Coupe de FranceLòt Koze
AKÈY FRANS Ligue 1

Ligue 1

Paris Saint-Germain ofisyèlman sakre chanpyon Frans 2024

sous: GolAyiti/imaj

28 Avril 2024   Jacky Chéry   4880

Avèk defèt AS Monaco (2-3) fas Olympique Lyonnais nan okazyon 31èm jounen Ligue 1 an, Paris Saint-Germain ranpòte chanpyona a sezon sa.



Parizyen yo ki te fè match nil ayè samdi an fas Le Havre (3-3) ranpòte 12èm tit chanpyon Frans nan istwa yo aprè defèt AS Monaco an.



Yon sezon ki kapab istorik pou parizyen yo ki kalifye pou demifinal Lig Dè Chanpyon an, epi final Coupe de France, posibilite pou yon kwadriple.



Nan Ligue 1 an sezon sa, Paris Saint-Germain se 20 viktwa, 10 nil, pou yon sèl grenn defèt. Yon premye pati misyon akonpli pou Luis Enrique.

KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.



Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

Dènye atik yo

Tottenham pa rive bloke City
  • 14 me 2024, 8:12 PM
  • 71

Mansyon

Yon paradi pou w al viv oswa pase vakans ak fanmiw Ayiti

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou