• Like us
  • Follow us
  • Follow us
Premye DivizyonDezyèm DivizyonSeleksyon NasyonalEkspatriyeLòt Koze
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Melchie Dumornay voye Olympique Lyonnais nan final Lig Dè Chanpyon

sous: GolAyiti/imaj

28 Avril 2024   Jacky Chéry   393

Zetwal yo fèt pou briye. Se sa ki rive ak Melchie Dumornay ki enskri yon gòl epi bay yon pas desizif pou kalifye Olympique Lyonnais pou final Lig Dè Chanpyon an fas Paris Saint-Germain.



Menm jan ak nan match ale an, entènasyonal ayisyèn lan desizif nan viktwa Olympique Lyonnais (2-1) fas Paris Saint-Germain. Fenòt yo bay Parizyèn yo tikè ale retou.



Sou yon balon ki jwe a 2 byen bonè nan match la, Melchie Dumornay byen sèvi Selma Bacha ki mete yon frap premye poto nan rantre sifas reparasyon an ki twonpe vijilans gadyèn PSG an.



Alòske Parizyèn yo te rive egalize nan fen premye mitan an avèk Tabitha Chawinga epi ap chache omwen yon lòt gòl pou ale nan pwolongasyon, jeni ayisyèn lan ofri Olympique Lyonnais viktwa a sou yon frap nan pwent penalite an sou yon devyasyon Amel Majri.



Melchie Dumornay ki pase anviwon twa mwa pandan sezon an blese, enpoze l kòm youn nan jwez Sonia Bompastor kapab konte sou li pandan Lig Dè Chanpyon an. Nan 5 match, ladan yo 2 kòm titilè, atakan ayisyèn 20 lane an genyen 2 gòl ak 3 pas desizif.

KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.



Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

Mansyon

Yon paradi pou w al viv oswa pase vakans ak fanmiw Ayiti

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou