• Like us
  • Follow us
  • Follow us
MLSUSLOpen CupLòt Koze
AKÈY ETAZINI MLS

MLS

Yon double pou Messi ki pote Inter Miami jodi a nan MLS la

sous: GolAyiti/imaj

28 avril 2024   Neuvième Junior   281

Ayè samdi a, nan peyi Etazini, Major League Soccer kontinye swiv chimen l. Nan konferans Est la, Inter Miami te fè deplasman sou tèren New England lan pou jwe 11èm rankont yo nan MLS la.



Gras ak Chanpyon Dimond 2022 a Lionel Messi, ki make 2 gòl (32èm,67èm) ak bay L.Suárez yon pas gòl 88èm. Inter Miami fè yon viktwa (4-1) pou kontinye kenbe tèt klasman nan kòmansman sezon an. Byen bonè nan fas pou fas sa, devan piblik yo New England te mennen aprè yon gòl Chancalay te fè depi nan yon minit (1-0). Men Ajanten an ki kontinye viv ak mantalite viktwa, te jwenn egalizasyon an pou ekip li ak ede yo mennen nan tablo afichaj la. Aprè, Benjamin Cremaschi te pèmèt yo pran plis eka (83èm, 1-3) jis Suárez ki te antre nan 64èm minit fini ak espwa advèsè yo.



Aprè viktwa sa Inter Miami rete lidè ak 21 pwen pou 6 viktwa, 3 nil e 2 defèt nan 11 match pou lane sila.

KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.


Konekte pou w ka kòmante Konekte

Mansyon

Yon paradi pou w al viv oswa pase vakans ak fanmiw Ayiti

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou