AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Neil Pierre fè bri kont Inter Miami

imaj atik la

20 dawout 2026   Neuvième Junior   229

Neil Pierre ki se yon jèn talan k ap jwe nan MLS la, te youn nan gwo non ki te make match Philadelphia Union 2-2 kont Inter Miami nan MLS la, rankot sa jwe nan dat 19 dawout 2026 lan. Jèn defansè a, te jwenn wout gòl la epi make pou Philadelphia, pandan Lionel Messi ak Daniel Pintér te reponn pou Inter Miami, Neil rive fè non l site byen fò ak gòl li make a.

Ki moun Neil Pierre ye?

Neil Pierre, se yon defansè santral 18 lane ki fèt 19 oktòb 2007 nan Harrisburg, Pennsylvania. Li mezire anviwon 1,96 mèt wotè ki pèmèt jèn sa gen yon avantaj enpòtan nan dyèl ayeryen yo paske sa ede l domine kèk advèsè.

Neil ki rive briye nan rankont sa, se yon pwodwi akademi Philadelphia Union. Gras ak talan l nan defans lan, li te siyen kontra Homegrown ak premye ekip la. Li te deja jwenn rekonesans nan chanpyona jèn sa ki batize MLS NEXT Pro a. Ladan, li te fini meyè defansè chanpyona a nan lane 2025.

Gòl ki fè diferans lan

Kont Inter Miami, Pierre te montre li pa sèlman kapab defann. Li te kapab monte sou aksyon ofansif yo tou epi mete non li sou tablo eskò a pou ede Philadelphia pran yon pwen nan yon match ki fini 2-2.

Men sa ki fè sa vin pi remakab, se paske anvan match la, dyèl Lionel Messi kont Neil Pierre ki fè yon nòt 7.5 nan rankont sila, te konsidere kòm youn nan gwo batay endividyèl yo nan rankont lan. E malgre Messi bitè, sa pa anpeche jèn 18 lane an ki gen papa l ak manman li ayisyen, briye pandan li te anfas youn nan meyè jwè foutbòl Ajantin konnen.

Pèfòmans sa kont ekip Messi a, montre yon bagay klè. Neil Pierre, se youn nan foutbolè, ameriken ak ayisyen yo pral bezwen swiv anpil nan lane k ap vini yo.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )