ESPAYLaLigaSegundaCopaDelReyLòt
AKÈY ESPAY LaLiga

LaLiga

Rodri vire do bay Real Madrid, Mourinho bay vèsyon li sou echèk la

imaj atik la

19 dawout 2026   Steve Pierre   1811

Transfè Rodri pou FC Barcelone kontinye fè anpil bri nan foutbòl espanyòl la. Pandan plizyè semèn, non milye teren entènasyonal espanyòl la te asosye ak Real Madrid, ki t ap chèche ranfòse sektè mitan tèren li an ak youn nan pi bon jwè nan pozisyon sa l nan mond lan. Men finalman, se Barça ki rive jwenn siyati ansyen vedèt Manchester City a.


Desizyon sa te kreye anpil deba nan peyi Espay, paske anpil moun te wè dosye a tankou yon viktwa Barcelone sou gwo rival li a, Real Madrid. Men pou José Mourinho, nou pa dwe wè dosye a konsa.

Nan premye konferans li kòm antrenè Real Madrid, Mourinho konfime li te pale ak Rodri de (2) fwa pou eseye konvenk li vin nan Santiago Bernabéu a. Li fè konnen klèb madrilèn nan te prezante yon bon òf bay jwè a, men negosyasyon yo pa t abouti.

« Rodri se yon jwè ekstrawòdinè, men Real Madrid se yon lòt dimansyon. Lè Real Madrid rele w, ou dwe di: "Kilè nou vle mwen rive?" », se sa teknisyen pòtigè a deklare.

Mourinho eksplike tou dout Rodri te genyen sou transfè a te fè l menm pèdi konfyans nan dosye a. Daprè li, yon jwè ki ezite lè Real Madrid manifeste enterè pa koresponn ak filozofi klèb la.

Malgre echèk la, Mourinho asire li pa regrèt pa gen Rodri nan ekip li a. Li kwè Real Madrid deja gen ase kalite ak solisyon nan mitan tèren an pou rete konpetitif pandan sezon an.

Lè yo mande l si siyati Rodri pou Barça reprezante yon viktwa pou katalan yo sou Real Madrid, Mourinho reponn klèman: « Viktwa yo fèt sèlman sou teren an. »

Deklarasyon sa yo deja ajoute plis tansyon nan rivalite ant de (2) ekip espanyòl yo, pandan tout je pral fikse sou pèfòmans Rodri anba koulè Barcelone ak sou fason Real Madrid ap reponn sou teren an pandan sezon 2026-2027 la.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )