CONCACAFChampionsCupGoldCupCaribbeanCupLòt
AKÈY CONCACAF CaribbeanCup

CaribbeanCup

Violette AC pa vin fè rimè nan CONCACAF Caribbean Cup la

imaj atik la Kredi Foto: @Facebook Violette AC

19 dawout 2026   Steve Pierre   1578

Violette Athletic Club ap fè yon kòmansman konpetisyon remakab nan CONCACAF Caribbean Cup 2026 la. Aprè de (2) premye rankont li yo nan Gwoup A a, reprezantan Ayiti a montre li gen anbisyon pou l ale lwen nan konpetisyon an. Bilan yo pale pou kont yo : de match jwe, de viktwa, kat gòl make epi yo pa pran okenn gòl.


Pou premye sòti li nan tounwa a 4 dawout pase a, Violette te bay yon bèl demonstrasyon kont Defence Force FC, yon ekip ki sòti nan peyi Trinidad ak Tobago. Vye Tig la te domine rankont la pou l fini ak yon viktwa (3-0).

Michenaider Chéry te louvri chimen an byen bonè nan match la, anvan Clifford Jean Louis ak Elyvens Déjean vin ajoute de (2) lòt gòl nan dezyèm mitan an pou sele viktwa a.

Nan dezyèm match la, Violette te fè fas ak Delfines del Este FC nan lakou Repiblik Dominikèn. Menm si match la te pi sere, ekip ayisyen an te jwenn sa l te bezwen an gras ak yon lòt realizasyon de Elyvens Déjean, ki make pou dezyèm match konsekitif li nan konpetisyon an.

Gòl sa a te ase pou pèmèt Violette bat (1-0) e ranmase twa lòt pwen epi konfime bon fòm li depi kòmansman Caribbean Cup la.


Aprè de (2) jounen, chif yo mete Violette pami ekip ki pi an fòm nan konpetisyon an :

- 2 match jwe
- 2 viktwa
- 6 pwen sou 6
- 4 gòl make
- 0 gòl pran

Anplis efikasite atak la, se solidite defans la ki plis atire atansyon. Jiskaprezan, okenn advèsè poko rive tranble filè Vye Tig yo.

Violette gen de lòt randevou enpòtan ki rete nan Gwoup A a kont SV Broki (Sirinam) ak Club Sando FC (Trinidad ak Tobago). Si ekip la kontinye sou menm rit sa a, li gen tout mwayen pou l fini pami pi bon ekip gwoup la epi valide tikè li pou pwochen faz yo.

Yon bagay deja sèten : aprè de premye match li yo, Violette AC voye yon mesaj klè bay tout konpetitè yo. Vye Tig la pa sèlman vin patisipe nan Caribbean Cup 2026 la, li vin jwe premye wòl yo.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )