Omar Artan ekri yon paj istorik nan foutbòl Ewopeyen an. Abit somalyen an te dirije final UEFA Super Cup 2026 la ant PSG ak Aston Villa, kote PSG ranpòte match la 2-1. Avèk nominasyon sa, li vini premye abit ki pa ewopeyen ki dirije yon UEFA Super Cup. Men istwa a vin pi espesyal lè nou sonje sa ki te rive l kèk semèn anvan.
Artan te pami abit FIFA yo te chwazi pou Koup Dimond 2026 la. Li te prepare pou pi gwo tounwa foutbòl nan mond lan, men lè li rive Miami International Airport, otorite ameriken yo te fè yon verifikasyon sou idantite l epi yo te refize l antre Ozetazini. Yo te site enkyetid ki te parèt pandan pwosesis verifikasyon sekirite a. Gen responsab ameriken ki te pale de enfòmasyon sou yon swadizan asosiyasyon, men detay konplè yo pa t pibliye piblikman, e Artan te rejte akizasyon sa yo.
Desizyon sa te fè l rate Mondyal 2026 la, yon opòtinite li te prepare pandan plizyè lane pou l jwenn. Men kèk tan aprè, yon lòt gwo pòt louvri.
UEFA te chwazi Artan pou dirije Super Cup la nan kad koperasyon UEFA ak CAF, pandan li te deja gen yon dosye ki solid anpil, tankou li se abit FIFA depi 2018, premye somalyen ki te dirije yon final Ligue Des Champions pou zòn afrik la , epi li te menm resevwa pri CAF Men's Referee of the Year 2025.
Kidonk, nominasyon an pa t sèlman yon jès apre desepsyon li nan Mondyal la, se te sitou rekonesans pou nivo, eksperyans ak kapasite li kòm abit entènasyonal.
Nan final la, Artan te gen pou jere yon gwo afich ant chanpyon Ligue Des Champions an ak chanpyon Europa League la. Youn nan moman ki pi enpòtan yo se te gòl Désiré Doué, ki te okòmansman anile akoz yo te panse boul la te deyò anvan VAR revize aksyon an epi valide gòl la.
Aprè 90 minit, PSG ranpòte twofe a 2-1, epi Artan fini misyon istorik li a.
Si abit somalyen an te rate Mondyal la ebyen li pa rate listwa. Sòti nan Miami, kote yo te fèmen pòt la pou li, rive Salzburg, kote yo te mete siflè a nan men l nan yon final UEFA, Omar Artan montre yon gwo leson sou rezilyans.
Pou Somali, se fyète. Pou Lafrik, se rekonesans. Pou abitraj afriken an, se yon baryè ki tonbe.Yon pòt te fèmen sou li nan Mondyal la, yon lòt te louvri sou listwa UEFA. E fwa sa a, Omar Artan pa t kite moman an pase san li.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou