Aprè plis pase yon dizèn lane ap defann koulè Real Madrid, jwè polivalan an, Lucas Vázquez, jwenn yon nouvo destinasyon. Ansyen merengue a, ki te fini kontra li ak klèb panyòl la mwa jiyè pase a, siyen yon kontra 2 lane ak Bayer Leverkusen, nan peyi Almay.
Leverkusen, ki pèdi plizyè pilye pandan ete a tankou Florian Wirtz ak Jeremie Frimpong ki pran direksyon Angletè, t ap chèche yon defansè dwat ki ka sèvi kòm piston nan sistèm Erik Ten Hag la. Malgre yo te eseye fè vini Jonathan Clauss, negosyasyon yo pa t abouti. Se konsa yo vini sou dosye Vázquez la. Yon opsyon ki te parèt vit, epi tranzaksyon an regle nan kèk èdtan sèlman.
Fabrizio Romano, jounalis espesyalize nan transfè, konfime madi maten Vázquez deja pase vizit medikal li epi kontra a siyen pou 2 sezon. Sa ap make premye eksperyans entènasyonal espanyòl 34 lane an nan yon chanpyona deyò Lespay, depi li te rantre nan zReal Madrid an 2007.
Avèk eksperyans li ak kapasite pou jwe plizyè pozisyon sou liy dwat la, Leverkusen espere Vázquez pote estabilite nan yon sezon kote yo gen anpil bagay pou rebati aprè depa antrenè Xabi Alonso ak plizyè vedèt kle yo.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou