Aprè yon long peryòd san jwe foutbòl, Paul Pogba pral kapab relanse karyè pwofesyonèl li nan AS Monaco kote l siyen pou 2 sezon.
Mitan tèren fransè an ki te sou sanksyon pou koz dopaj, siyen nan klèb prensipote an yon kontra 2 sezon k ap gen pou pran fen nan dat 30 jen 2027.
Sou rezo sosyal yo, klèb fransè an anonse siyati chanpyon Dimond trikolò an ki pa t gen klèb depi prèske 2 lane. Juventus Turin te koupe kontra mitan tèren fransè an akoz kesyon dopaj sa.
Paul Pogba mennen avèk li nan AS Monaco eksperyans li pandan karyè li anndan Juventus Turin ak Manchester United. Mitan tèren 32 lane an te pami jwè ekip Lafrans ki te chanpyon Mondyal 2018 lan.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou