Atakan entènasyonal ayisyèn Batcheba Louis jwenn yon nouvo klèb nan karyè li. Aprè twa (3) sezon li te pase ak FC Fleury 91 an Frans, jwèz la deside louvri yon lòt chapit an Angletè kote li siyen ak Birmingham City, yon klèb ki ap evolye nan dezyèm divizyon foutbòl fanm anglè a.
Se sou paj Facebook ofisyèl yo, klèb Birmingham City a prezante Batcheba Louis bay piblik la. Foto prezantasyon, videyo ak mesaj byenveni yo deja ap fè rezo sosyal yo bouyi, sitou nan kominote ayisyèn nan ki fyè pou wè yon lòt grenadye ap enpoze l nan gwo chanpyona Ewopeyen yo.
Batcheba Louis te kite FC Fleury kòm youn nan atakan ki te pi efikas nan ekip la, ak 66 match jwe nan chanpyona a sèlman, 21 gòl ak 8 pas sou twa sezon. Aprè eksperyans li an Frans, se yon nouvo defi k ap tann li nan Championship anglè a, yon lig tout moun konnen pou entansite li ak nivo fizik li. Birmingham City, k ap chèche retounen nan elit foutbòl fanm anglè a (WSL), konte anpil sou eksperyans ak kapasite gòl Batcheba pou ede yo rive nan objektif sa.
Pou anpil fanatik, transfè sa se pa sèlman yon etap enpòtan pou Batcheba, men tou yon gwo nouvèl pou foutbòl ayisyen an. Li vin agrandi lis jwez ayisyèn ki ap jwe nan gwo klèb Ewopeyen yo, yon siy klè sou pwogrè ak vizibilite fanm nan foutbòl peyi a.
Aprè chapit li nan Arkema Première Ligue la, li pare pou fè bri nan Championship la ak objektif pou ede ekip li a monte nan premye divizyon.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou