Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Aprè plizyè sezon ap kreye sipriz sitou nan konpetisyon ewopeyen yo, klèb Fiorentina a pako kapab retire tèt li nan zòn ki ap mennen nan dezyèm divizyon italyen an. Sou 5 dènye match vyolè yo, rezilta yo pa rive satisfè fanatik yo.
Aprè plizyè sezon ap kreye sipriz sitou nan konpetisyon ewopeyen yo, klèb Fiorentina a pako kapab retire tèt li nan zòn ki ap mennen nan dezyèm divizyon italyen an. Sou 5 dènye match vyolè yo, rezilta yo pa rive satisfè fanatik yo.
Nan chanpyona italyen an, Gigliati yo ap konnen yon sezon ki parèt tankou yon kondanasyon pou yo. Sou 25 match jwe nan seri A, Fiorentina gen chans fè 4 grenn viktwa sèlman. Pou lòt 21 rankont yo jwe yo, finalis Conference League 2023 ak 2024 lan konnen 9 match nil epi 12 defèt. Konsa, yo sanse konte 21 pwen nan 18èm plas klasman seri A a.
Men sou 5 dènye match klèb la jwe kote 4 nan chanpyona ak youn nan Koup Itali a, yo konte 3 defèt, yon viktwa ak yon match nil. Grenn viktwa sa yo sove nan 5 rankont sa, se nan 25èm jounen an lè vyolè yo al bat Como (2-1) lakay li. Fas pou fas sa konsidere kòm yon rankont revanj paske nan Koup Itali a, pwoteje Cesc Fàbregas yo te pase Gigliati yo (3-1) pou mete yo deyò nan konpetisyon an.
Avèk grenn viktwa sa, koyekipye De Gea yo reprann konfyans pou fè deplasman pou afwonte klèb polonè a Jagiellonia Białystok nan match Conference League la Jedi 19 fevriye k ap vini la.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou