Kredi Foto: @Pran sou nèt la.
Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Antrenè Paris Saint-Germain an Luis Enrique bay yon repons piman ak Ousmane Dembélé ki te mal reyaji nan laprès. Luis Enrique di li pa p kite okenn moun panse yo pi wo ke klèb PSG a.
Atakan fransè a Ousmane Dembélé fè yon deklarasyon aprè defèt Paris Saint Germain nan kad 22èm jounen chanpyona Frans lan 3-1 kont Rennes. Nan mikwo pou laprès, aprè match la, Ousmane Dembélé deklare "Sezon pase a nou te mete ekip, logo a, Paris Saint Germain, klèb la anvan nou tout. Nou dwe retounen jwenn sa, sitou nan match sa yo. Nou te kòmanse match la lèd anpil". Deklarasyon jwè a.
Balon dò 2025 lan pa kache pawòl li kont jwè ak estaf ekip la. "Nou dwe montre plis dezi, sitou lè nou ap jwe pou Paris Saint-Germain pou nou ka genyen match yo. Si tout moun ap jwe pou tèt yo sou tèren an nou p ap ka ranpòte tit yo".
Antrenè espanyòl la Luis Henrique pa t apresye pawòl sa yo, li te reponn jwè li a touswit nan mikwo laprès. "Kòmantè sou kèk jwè m yo aprè match sa pa gen okenn valè pou mwen. Mwen p ap tolere okenn jwè panse yo pi wo pase klèb la. Sou pwen sa a mwen klè".
Antrenè espanyòl la fè konnen pa gen okenn moun ki sou tèt klèb sa a, kit se li menm, prezidan klèb la, jwè yo oubyen direktè espòtif la. Okenn moun pa pi wo pase Paris Saint-Germain.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou