FIFAMondyalMondyalClubAmikalLòt
AKÈY FIFA Mondyal

Mondyal

Rodri, mèt mitan tèren an, domine mondyal 2026 la

imaj atik la

20 jiyè 2026   Neuvième Junior   2700

Nan Koup Dimond FIFA 2026 la, Rodri te antre ladan l kòm kòmandan seleksyon Espay la. Misyon mitan tèren an se dirije yon jenerasyon ki te reve pote dezyèm zetwal mondyal la pou peyi an. Pandan tout konpetisyon an, li te tounen motè ekip la, moun ki te bay ritm jwèt la, kontwole posesyon an, epi pwoteje defans lan ak yon kalm ekstrawòdinè.

Soti nan faz gwoup lan rive nan faz eliminatwa yo, Rodri te montre yon nivo regilarite ki te fè diferans lan. Li te dirije mitan tèren Espay la ak yon presizyon pas remakab, kote l kraze liy advèsè yo ak distribisyon balon yo, pandan li te ranpòte anpil dyèl ak rekipere balon nan moman kle yo. Li menm rive etabli yon nouvo referans pou kantite pas reyisi nan yon sèl edisyon mondyal.

Nan demifinal la kont Lafrans, Rodri te livre youn nan pi gwo pèfòmans yon mitan tèren fè nan tounwa a. Menm si li pa make, li te enpoze ritm match la, bloke tout tantativ fransè yo, epi gide Espay nan yon viktwa 2-0 ki voye yo nan final la.

Nan gran final sa, Espay bat Ajantin 1-0 aprè pwolongasyon pou ranpòte dezyèm Koup Dimond li. Ladan l, Rodri te ankò enpòtan nan kontwòl jwèt la, lidèchip ak entèlijans taktik li te pèmèt Espay kenbe avantaj la jouk dènye kout siflèt lan.

Apre yon kanpay eksepsyonèl, FIFA rekonpanse Rodri ak Balon Dò an kòm meyè jwè Koup Dimond 2026 lan, yon rekonpans ki salye enpak li sou tout match Espay yo. Gras ak lidèchip li, kalite teknik li ak dominasyon l nan mitan tèren an, Rodri antre nan listwa kòm youn nan pi gwo atizan tit Espay ranpòte nan 2026 sa.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )