A sèlman 19 lane, Pau Cubarsí konfime tout gwo espwa yo te mete sou li pandan Koup Dimond FIFA 2026 la. Defansè santral FC Barcelone lan te jwe ak yon matirite ekstraòdinè. E gras eksplwa li nan defans lan, sa vin fè l tounen poto mitan defans Espay la jis li te mete l sou wout ki mennen ekip la rive chanpyon mond lan.

Depi premye match la, Cubarsí te enpresyone ak kalm li, kapasite l genyen pou l li jwèt la, entèvansyon pwòp li yo ak kalite pas li soti dèyè a. Defansè baselonè a jwe chak match nan tounwa alèz pandan li te ede Espay bati youn nan pi bon defans nan konpetisyon an, ak sèlman yon sèl gòl yo te pran pandan tout kanpay la.
Nan faz eliminatwa yo, li te kontinye montre klas li kont kèk nan pi gwo atakan mond lan. Nan final la kont Ajantin, Cubarsí te bay yon gwo pèfòmans nan ede Espay kenbe filè l vyèj, avan Ferran Torres ta pral make gòl viktwa nan pwolongasyon pou bay Espay dezyèm Koup Dimond li.
Aprè tounwa a, FIFA rekonpanse jèn defansè a ak prim meyè jèn jwè koup Dimond 2026 lan, yon rekonpans ki rekonèt enpak li ak matirite l malgre laj ti jèn lan. Pèfòmans Pau Cubarsi yo mete l pami pi bon jèn defansè nan mond lan e yo fè anpil moun wè l kòm yon kandida serye pou gwo rekonpans endividyèl nan ane k ap vini yo.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou