Nan match pou twazyèm plas Koup Dimond FIFA 2026 la kont Angletè, Michael Olise ekri non li ak lèt lò nan listwa foutbòl mondyal la. Malgre Lafrans pèdi 6-4, jwè fransè a bay 2 pas desizif, sa ki fè li rive nan yon total 7 pas gòl pandan tounwa a. Avèk chif sa, chouchou bavawa yo depase rekò lejand brezilyen an, Pelé, ki te reyalize 6 pas desizif nan mondyal 1970 lan.
Rekò Pelé a te kanpe pandan plis pase senk deseni, e anpil gwo non tankou Diego Maradona, Lionel Messi, Luka Modrić ak Kevin De Bruyne pa t janm rive depase l. Se Michael Olise ki finalman kraze baryè sa gras ak vizyon ekstraòdinè li, presizyon nan dènye pas li yo, ak kapasite li pou kreye gòl pou koyekipye li yo.
Ak sèlman 24 lane, Olise fini koup Dimond 2026 la kòm pi gwo pasè nan listwa yon sèl edisyon mondyal, ak yon nouvo rekò ki se 7 pas desizif. Menm si Lafrans pa monte sou podyòm lan kòm chanpyon, pèfòmans li an rete youn nan pi gwo nan listwa tounwa a e li pwofite konfime plas li pami pi bon kreyatè jwèt nan foutbòl mondyal la.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou