Espay ekri yon nouvo paj nan listwa foutbòl mondyal la apre li bat Ajantin 1-0 nan pwolongasyon pou ranpòte dezyèm Koup Dimond li. Men, selebrasyon chanpyon yo te sal apre yon gwo ensidan ki te eklate sou teren an apre dènye kout siflè a.
Pandan jwè espayòl yo t ap kouri antre sou teren an pou selebre viktwa istorik yo an, tansyon an monte ant de ekip yo. Se Leandro Paredes ki te nan sant konfli a. Mitan teren Ajanten an te pouse Eric García anvan li te voye Gavi atè, sa ki te pwovoke yon gwo tansyon ant jwè de seleksyon yo.
Plizyè jwè te kòmanse pouse youn lòt pandan manm estaf teknik yo te kouri antre sou teren an pou separe yo. Antrenè Ajantin nan, Lionel Scaloni, te entèvni pèsonèlman pou kalme sitiyasyon an. Li te retire jwè li yo nan konfli a epi li te vin salye antrenè Espay la, Luis de la Fuente, nan yon jès respè malgre tansyon an.
Apre ensidan an, abit la te bay Leandro Paredes yon katon wouj, yon sanksyon ki vin ajoute sou move fen match Ajantin nan. Pandan rankont la menm, Enzo Fernández te deja deyò nan fen tan reglemantè a apre li te resevwa yon dezyèm katon jòn, sa ki te kite Albiceleste a ak 10 jwè anvan Ferran Torres make sèl gòl final la nan 106èm minit.
Konpòtman Paredes la deja ap fè anpil reyaksyon nan mond foutbòl la. Anpil obsèvatè estime yon jwè ki gen eksperyans pa ta dwe kite emosyon pran kontwòl li nan yon final Koup Dimond, kèlkeswa dimansyon defèt la. Yon final Mondyal se pi gwo sèn foutbòl la, e li mande respè, disiplin ak lespri espòtif.
Malgre bèl viktwa Espay la ak dezyèm zetwal li sou planèt foutbòl la, imaj ki rete nan fen rankont la se gwo konfli ki te eklate ant jwè yo, ak Leandro Paredes ki vin tounen prensipal aktè yon ensidan ki sal yon final ki te dwe fini sèlman ak selebrasyon chanpyon yo.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou