Plizyè jou aprè fen Koup Dimond 2026 la, IFAB relanse youn nan pi gwo polemik abitraj tounwa a. Enstans ki responsab ekri ak fè respekte règ foutbòl yo rekonèt VAR te mal itilize nan kèk sitiyasyon pandan Mondyal la, epi youn nan desizyon ki pi kontwovèse yo se ekspilsyon atakan swis Breel Embolo nan kadefinal kont Ajantin.
Nan yon sikilè ofisyèl, IFAB raple VAR kapab sèlman entèvni pou korije yon erè sou idantite jwè ki resevwa yon katon jòn oswa yon katon wouj. Men, asistans videyo a pa gen dwa chanje nati sanksyon abit la, sitou nan ka kote yon jwè sispèk dèske li te simile yon fot.
Klarifikasyon sa a chanje fason anpil moun te wè kèk desizyon ki te pran pandan Koup Dimond lan. Pandan konpetisyon an, VAR te resevwa plis otorite pou korije sèten erè, men IFAB ensiste pouvwa sa a pa t dwe sèvi pou ranvèse yon desizyon disiplinè lè pa t gen okenn erè sou idantite jwè ki te sanksyone a.
Se egzakteman sa ki te pase nan kadefinal ant Ajantin ak Swis. Okòmansman, abit la te bay Leandro Paredes yon katon jòn pou yon fot sou Breel Embolo. Aprè entèvansyon VAR, desizyon an te chanje, katon jòn Paredes la te retire, pandan Embolo te resevwa yon katon jòn pou similation. Kòm se te dezyèm avètisman li nan match la, atakan swis la te oblije kite teren an anba yon katon wouj endirèk.
Dapre IFAB, desizyon sa a pa t konfòm ak pwotokòl VAR la. Pa t gen okenn erè sou idantite jwè ki te pran premye sanksyon an, sa vle di abit la pa t gen dwa itilize VAR pou modifye desizyon disiplinè li te pran okòmansman an. Se yon move aplikasyon règ yo ki te lakòz ekspilsyon Embolo.
Rekonesans sa a relanse deba sou fyabilite ak limit VAR nan pi gwo konpetisyon entènasyonal yo. Li mete aksan sou nesesite pou pwotokòl yo aplike ak plis presizyon, pou teknoloji a kontinye sèvi jistis sou teren an olye li kreye nouvo kontwovès.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou