FIFAMondyalMondyalClubAmikalLòt
AKÈY FIFA Mondyal

Mondyal

Federasyon foutbòl peyi Ajantin (AFA) bay vèsyon ofisyèl li sou ankèt ameriken an

imaj atik la

23 jiyè 2026   Gamarck Antoine   2345

Federasyon foutbòl Ajantin (AFA) soti ofisyèlman, mèkredi sa, yon kominike pou demanti enfòmasyon k ap sikile nan plizyè medya entènasyonal ki te fè kwè prezidan li, Claudio Tapia, ansanm ak trezorye federasyon an, Pablo Toviggino, te konvoke pou temwaye devan lajistis ameriken apre yo te fin patisipe nan final Koup Dimond lan.


Nan yon kominike ki pa kite okenn plas pou dout, AFA kalifye akizasyon sa yo kòm "totalman fo", pandan li ensiste ni Tapia ni Toviggino pa janm resevwa okenn konvokasyon nan men otorite jidisyè ameriken yo, ni yo pa t sibi okenn sezi telefòn oswa lòt aparèy elektwonik.

Sepandan, federasyon an rekonèt yon twazyèm moun te byen resevwa yon konvokasyon pou parèt devan yon Gran Jiri Ozetazini. Daprè AFA, moun sa a ta ka bay temwayaj oswa remèt prèv nan kad yon ankèt ki konsène plizyè moun, pami yo kèk responsab federasyon an, men sa pa vle di Tapia oswa Toviggino se sib ankèt la.

Enfòmasyon sa yo parèt apre plizyè medya ajanten, espesyalman Infobae, te rapòte ajan FBI yo te kesyone Claudio Tapia ak Pablo Toviggino pandan anviwon 30 minit nan ayewopò entènasyonal John F. Kennedy (JFK) nan New York, jis anvan delegasyon Ajantin nan te pran yon vòl chatè pou retounen lakay li apre final la. Menm rapò yo te fè kwè otorite ameriken yo te mande aksè ak telefòn Tapia.

Toujou selon Infobae, ankèt la ta konsantre sou plis pase 300 milyon dola ameriken ki asosye ak kontra komèsyal AFA yo. Dosye sa a ta antre nan yon pi gwo ankèt sou jesyon finans foutbòl ajanten an, apre plizyè operasyon fouy ki te fèt nan mwa desanm pase nan kad yon dosye sispèk sou blanchiman lajan.

Yon temwen ki te prezan sou plas deklare ajan federal yo te fè Tapia ak Toviggino rete anndan yon bis ki te estasyone sou pis ayewopò a pandan yo t ap poze yo kesyon, tandiske rès delegasyon an t ap prepare pou monte avyon.

Lè ajans Reuters te kontakte otorite pò Nouyòk ak Noujèzey pou jwenn reyaksyon sou dosye a, enstitisyon an voye kesyon yo bay FBI. Pou pati pa li a, FBI a pa t vle fè okenn kòmantè sou ankèt la.

Nan kominike li a, AFA mete aksan sou dokiman jidisyè ameriken an ki, daprè yo menm, pa enpoze okenn mezi kont prezidan oswa trezorye federasyon an.

"Li totalman fo pou fè kwè Claudio Tapia oswa Pablo Toviggino te konvoke pou temwaye devan lajistis ameriken. Li fo tou pou di telefòn selilè yo oswa nenpòt lòt aparèy elektwonik ki pou yo te sezi."

Federasyon an ajoute dokiman an pa egzije prezans Tapia oswa Toviggino devan okenn tribinal, li pa mete okenn obligasyon legal sou yo, epi li pa mansyone okenn sezi oswa konfiskasyon byen ki pou yo.

Malgre demanti ofisyèl AFA a, ankèt otorite ameriken yo sou kontra komèsyal ki lye ak foutbòl ajanten an kontinye atire anpil atansyon, pandan piblik la ap tann plis detay sou dosye ki kapab gen gwo konsekans pou administrasyon espò a an Ajantin.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )