Kredi Foto: @FIFA.
Federasyon Entènasyonal Foutbòl Asosyasyon an (FIFA) pa sispann vini ak nouvo bagay nan Koup Dimond 2026 la. Mitan match final mondyal la pa p dire 15 minit fwa sa.
Pou final mondyal la k ap vini la, FIFA ogmante sou kantite tan poz ki konn fèt nan mitan match yo. Jeneralman, kantite tan poz mitan match yo konn dire 15 minit. Pou final la, FIFA kapab ogmante l jiska 30 minit.
Rezon ogmantasyon sa se pou kantite cho k ap gen pou fèt pandan mitan match la. Anpil espektak prevwa fèt nan moman espesyal sa. Final sa k ap fèt nan Metlife Stadium lan, nan vil Nouyòk, se pral yon bagay k ap make listwa.
Kèk espektak k ap genyen:
-Premye espektak la ap dire 11 minit. Se gwoup Pop Rock britanik Cold Play ki ap responsab li. Ladan l ap gen plizyè atis k ap pèfòme tankou Burna Boy, Shakira, Justin Bieber, Madonna ak BTS.
Lòt espektak yo poko devwale.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou