Kredi Foto: @FIFA
Espay ekri yon nouvo paj nan istwa foutbòl li avèk viktwa sou Ajantin 1-0 nan pwolongasyon pou ranpòte Mondyal 2026 la. Nan yon final ki te dewoule devan plis pase 80,000 espektatè nan MetLife Stadium, Ozetazini, Roja te montre yon gwo matirite taktik pou mete men sou dezyèm tit mondyal li apre sa li te genyen an 2010 la.
Depi kòmansman match la, Espay te pran kontwòl boul la. Rodri te òganize mitan teren an an bon patwon, pandan Lamine Yamal ak Nico Williams t ap eseye kreye espas sou lèl yo. Ajantin, bò kote pa li, te chwazi rete byen òganize dèyè a epi chèche fè diferans lan sou kontatak ak vizyon Lionel Messi.
Espay te kreye pi bon okazyon yo, men Emiliano Martínez, gadyen Ajantin nan, te fè plizyè gwo entèvansyon ki te kenbe Albiceleste a vivan. Chak fwa Espay te sanble prèt pou l make, gadyen Ajantin nan te toujou reponn prezan.
Nan dezyèm mitan an, ritm match la monte. Ajantin te eseye monte pi wo sou teren an, men li te gen anpil difikilte pou depase blòk defans Espay la. Lionel Messi pa t ka fouye kò l pandan tout rankont la, sa ki te limite enfliyans li nan jwèt la. Espay li menm te kontinye peze san prese, avèk yon jwèt pas ak deplasman ki te fatige e menm fristre ajanten yo. Enzo Fernández te pran yon dezyèm katon jòn ki vin ba l wouj nan tan adisyonèl dezyèm mitan an.
Lè match la antre nan pwolongasyon, presyon Espay la finalman bay rezilta. Nan 106èm minit la, Ferran Torres resevwa yon bon pas kout tèt Nivo Williams epi li voye balon an nan fon filè a pou bay peyi li avantaj la. Gòl sa a te sifi pou fè diferans lan epi brize rèv 2 fwa chanpyon youn dèyè lòt Ajantin nan.
Dènye minit yo te chaje ak tansyon. Ajantin te voye tout fòs li devan pou chèche egalizasyon an, men defans Espay la te rete solid jiska dènye kout siflè a. Disiplin taktik ak òganizasyon Espay la pa t bay ekip Ajantin nan ki pa t gen enspirasyon okenn chans.
Viktwa sa a konfime dominasyon Espay nan foutbòl mondyal la. Apre yo te deja ranpòte Euro 2024 la, Espanyòl yo mete men sou pi gwo twofe nan foutbòl la. N ap note, yo se dènye chanpyon Mondyal tou bò kote medam yo.
Pou Ajantin, defèt la fè mal anpil. Ekip Lionel Messi a te rive nan final la ak anpil kouraj, men li pa t jwenn solisyon kont youn nan ekip ki pi te konplè nan Mondyal la. Final sa a kapab make dènye aparisyon Lionel Messi nan yon Koupdimond oswa menm ak Lajantin, sa ki bay match la anpil emosyon. Messi te kriye aprè match la.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou