FIFAMondyalMondyalClubAmikalLòt
AKÈY FIFA Mondyal

Mondyal

Eske w te konnen gen 6 peyi ki deja kalifye pou Koup Dimond 2030 lan ?

imaj atik la

23 jiyè 2026   Steve Pierre   13303

Menmsi faz eliminatwa pou Koup Dimond 2030 la poko kòmanse, FIFA deja konnen non sis (6) premye seleksyon ki pral patisipe nan pi gwo konpetisyon foutbòl la. Peyi sa yo jwenn kalifikasyon otomatik paske yo pral òganize evènman an oswa resevwa match espesyal pou selebre 100 lane Mondyal la.


Peyi ki deja kalifye yo se : Lespay, Pòtigal, Mawòk, Ajantin, Paragwe ak Irigwe.

Daprè FIFA, Espay, Pòtigal ak Mawòk se twa prensipal peyi òganizatè Koup Dimond sa. Pandansetan, Ajantin, Paragwe ak Irigwe pral òganize match espesyal pou make santyèm anivèsè premye Koup Dimond la ki te fèt nan lane 1930 nan Irigwe. Se poutèt sa sis nasyon sa yo jwenn tikè dirèk yo pou patisipe nan konpetisyon an.

Koup Dimond 2030 la pral gen yon enpòtans istorik paske se premye fwa yon sèl edisyon pral dewoule sou twa kontinan diferan: Ewòp, Afrik ak Amerik Disid. Pifò match yo pral fèt nan Espay, Pòtigal ak Mawòk, tandiske Ajantin, Paragwe ak Irigwe pral resevwa match seremoni espesyal yo.

Pou moman an, FIFA toujou konsidere Mondyal 2030 lan kòm yon konpetisyon ki gen 48 ekip, menm jan ak edisyon 2026 la. Sa vle di apre sis peyi ki deja kalifye yo, ta rete 42 lòt plas pou distribye atravè eliminatwa yo nan diferan konfederasyon yo.

Men, yon nouvo deba ap pran fòs nan mond foutbòl la. Gen responsab nan CONMEBOL ak kèk dirijan FIFA ki pwopoze pou 24triyèm edisyon an ta pase de 48 a 64 ekip, yon fason pou make 100 lane konpetisyon an avèk plis seleksyon.

Prezidan FIFA a, Gianni Infantino, konfime lide sa a pral etidye, men okenn desizyon ofisyèl poko pran. Pou kounye a, fòma 48 ekip la rete sèl fòma FIFA rekonèt pou Mondyal 2030 la.

Pandan eliminatwa yo poko kòmanse, sis peyi sa yo deja gen plas yo garanti nan randevou 2030 lan. Rès nasyon yo pral oblije pase pa chemen eliminatwa yo pou eseye jwenn youn nan plas ki rete yo nan konpetisyon istorik sa a.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )