Prezidan ameriken an, Donald Trump, pale byen wo sa tout moun te wè nan match Angletè Ajantin lan. Prezidan ameriken an kritike chwa taktik antrenè Alman an.
Nan demi final ki te mete Ajantin kont peyi Angletè a, match sa fini 2-1 nan avantaj ajanten yo. Malgre anglè yo te gentan pran kontwòl match la ak yon gòl devan, men chwa taktik antrenè alman an, Thomas Tuchel, ta pral fè anglè yo pèdi avantaj la epi elimine nan konpetisyon an.
Prezidan ameriken an, Donald Trump, kritike sistèm jwèt antrenè alman an, Thomas Tuchel, te enpoze ekip li a apre l te fin mennen 1-0 nan match la. "Mwen kwè Angletè te fè yon erè lè yo te fè Harry Kane jwe plis defansif la. Yo fin pran avantaj la epi yo al fè pi bon jwè yo a tounen dèyè. Antouka kisa m konn nan foutbòl, ni nan desizyon antrenè yo mwen menm?"
Yon deklarasyon ki vini tankou yon kout pik sou chwa taktik antrenè alman an ki te deside fèmen match li depi nan 68 minit apre yo te fin make gòl la. Tout espektatè te deja wè se yon erè fatal ansyen antrenè Chelsea a te fè.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou