Plizyè òganizasyon k ap defann dwa bèt yo ap lanse yon alèt sou sa yo prezante kòm yon operasyon kont chen k ap viv nan lari nan peyi Mawòk, youn nan twa peyi k ap òganize Koup Dimond 2030 lan ansanm ak Lespay epi Pòtigal.
Selon plizyè plent ki depoze, chen yo ta viktim kout zam, anpwazònman ak lòt move tretman nan kèk vil ki gen pou resevwa match pandan pi gwo konpetisyon foutbòl la. ONG yo kwè operasyon sa yo ta vize diminye prezans chen lari yo pandan preparasyon evènman an.
Òganizasyon yo avèti si pa gen entèvansyon rapid ki fèt, kantite chen ki ka pèdi lavi yo ta ka rive nan 3 milyon nan lane k ap vini yo. Chif sa yo sôti nan estimasyon gwoup k ap defann dwa bèt yo bay.
Dosye a deja rive sou tab FIFA, pandan plizyè òganizasyon entènasyonal ap mande pou yo mennen ankèt sou akizasyon yo epi ankouraje otorite yo itilize metòd ki pi imen pou jere chen lari yo.
Pou kounye a, deba a kontinye ap fè anpil pale sou rezo sosyal yo ak nan mitan òganizasyon ki angaje nan pwoteksyon bèt atravè lemond.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou