FIFAMondyalMondyalClubAmikalLòt
AKÈY FIFA Lòt

Lòt

Mykhailo Mudryk rejwe aprè 615 jou sispansyon pou dopaj

imaj atik la

5 dawout 2026   Steve Pierre   1386

Apre prèske 20 mwa lwen teren, atakan ikrenyen an Mykhailo Mudryk fè gwo retou li ak Chelsea jodi mèkredi 5 dawout 2026 la nan yon match zanmitay kont Juventus nan Onkong. Men dèyè retou sa, gen yon dosye dopaj ki te fè anpil pale nan mond foutbòl la depi fen lane 2024.


Tout bagay te kòmanse nan mwa desanm 2024 lè Federasyon Anglèz Foutbòl la (FA) te anonse Mudryk te teste pozitif pou meldonyòm, yon sibstans ki entèdi nan espò.

Tès la te fèt pandan li t ap reprezante seleksyon Ikrèn nan. Aprè rezilta a, FA te mete jwè a sou sispansyon pwovizwa pandan ankèt la t ap kontinye.

Mudryk te toujou deklare li pa t janm pran okenn pwodwi entèdi avèk konesans li. Chelsea te sipòte jwè a pandan tout pwosesis la, pandan avoka li yo t ap eseye pwouve pa t gen entansyon triche nan ka a.

Nan mwa jen 2025, FA a te akize ofisyèlman entènasyonal ikrenyen an pou vyolasyon règ anti-dopaj yo. Risk la te gwo, paske li te kapab resevwa jiska kat (4) lane sispansyon.

Nan mwa avril 2026, yon komisyon disiplinè te finalman deside bay Mudryk yon sispansyon kat lane, sa ki te sanble mete yon gwo kesyon sou avni li nan Chelsea.

Jwè a te rapid vit fè apèl kont desizyon an, pandan klèb londonyen an te kontinye soutni li.

Pandan plizyè semèn, dosye a te rete devan diferan enstans espòtif yo. Avoka Mudryk yo te konteste fason sibstans lan te antre nan kò jwè a epi yo te mande pou revize sanksyon an.

Finalman, nan fen mwa jiyè 2026, yon antant te jwenn ant otorite anti-dopaj yo ak reprezantan jwè a. Daprè enfòmasyon ki disponib yo, nouvo entèpretasyon règ yo te pèmèt rediksyon sanksyon an, sa ki fè peryòd li deja pase deyò teren yo te konsidere kòm ase pou l rekòmanse karyè li.

Mèkredi 5 dawout 2026 la, 615 jou aprè dènye aparisyon li nan yon match ofisyèl, Mudryk te rejwe ak Chelsea. Nouvo antrenè Blues yo, Xabi Alonso, te fè l antre nan dezyèm mitan match la kont Juventus. Menm si Chelsea te pèdi (1-0), retou jwè a te youn nan pi gwo moman emosyonèl rankont lan. Alonso te eksplike desizyon an pa t sèlman espòtif, men li te vle ede jwè a rekòmanse lavi pwofesyonèl li aprè yon peryòd ki te difisil anpil.

Kounye a, kesyon an se konnen ki plas Mudryk ap genyen nan pwojè Chelsea a. A 25 lane, ansyen jwè Shakhtar Donetsk la ap eseye relanse yon karyè ki te prèske kanpe nèt akòz dosye dopaj sa a. Retou li make fen yon chapit ki te kòmanse nan lane 2024, men li ouvè yon nouvo paj kote li pral gen pou pwouve ankò valè li sou teren an.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )