Defansè ak kapitèn seleksyon Repiblik Demokratik Kongo a, Chancel Mbemba, retounen nan sant atansyon aprè Koup Dimond 2026 la. Men se pa sèlman pou pèfòmans li sou teren an. Depi plizyè lane, yon kesyon kontinye soulve deba : ki vrè dat nesans jwè a?
Dapre RTL Sport, lè Mbemba te rive nan klèb bèlj la, Anderlecht, nan lane 2012, FIFA te deja enterese nan dosye li akoz diferan dat nesans ki te parèt sou dokiman ofisyèl yo. Selon medya bèlj la, nan de (2) premye klèb li yo nan RD Kongo, dat nesans li te anrejistre kòm 8 dawout 1988. Men pou seleksyon kongolè a, yon lòt dokiman te mansyone 30 novanm 1991 kòm dat nesans li. RTL Sport rapòte tou jwè a te deklare nan yon entèvyou li te fèt « anviwon nan lane 1990 ».
Sitiyasyon an te vin pi konplike lè Anderlecht te anrejistre Mbemba ak dat 8 dawout 1994. Daprè medya Anderlecht Online, kesyon sou laj jwè a te deja lakòz anpil dout nan peyi Bèljik. FIFA te menm louvri yon ankèt pou verifye dosye li. Nan epòk la, kèk responsab klèb la te rekonèt te gen anpil zòn nwa sou kesyon sa.
Jounal espanyòl AS fè konnen konfizyon an sòti an pati nan chanjman ki te fèt pandan karyè Mbemba a. Daprè sous sa a, li te anrejistre kòm yon jwè ki fèt an 1988 nan kòmansman karyè li, aprè sa kòm yon jwè ki fèt an 1991 pou l te ka jwe yon konpetisyon U-23, epi pita kòm yon jwè ki fèt an 1994 lè li te rive Anderlecht.
Aprè plizyè verifikasyon, FIFA te finalman rekonèt 8 dawout 1994 kòm dat nesans ofisyèl Chancel Mbemba. Se dat sa a ki parèt sou pwofil ofisyèl jwè a nan plizyè bazdedone foutbòl entènasyonal tankou Transfermarkt ak lòt referans ki itilize done FIFA yo.
Malgre desizyon FIFA a, dosye a kontinye rete youn nan ka ki pi etranj nan listwa foutbòl modèn nan. Jiska jounen jodi a, anpil sipòtè ak obsèvatè toujou sonje Chancel Mbemba kòm jwè ki te asosye ak kat (4) dat nesans diferan pandan karyè li. Men sou plan ofisyèl, kesyon an konsidere kòm regle : FIFA rekonèt li kòm yon jwè ki fèt 8 dawout 1994.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou